M'OBSEDE Lyrics by HARMONIK
Dlo nan je-m pap sipann koule
Sou vye bout papye ke m'ape konpoze e e
Sou lorizon m'a mete-w kouche
Desine-w ak yon koulè-k pa egziste e e
Pami les saints m'a va ekspoze-w
Pou yo sa ajenou nan pye-w
Pou yo konnen kiyès ou ye e e
Ou se pi bèl nòt lè m'ap chante
Ou se tout kè mwen lè m'ap monte
Mwen montre-w jan mwen devwe
Pou mwen w pap konn sa ou ye
E tèlman sa fè mwen mal
M'pwal apòte tout rivyè, tout lanmè
Pou-w wè jan m'obsede
Pou mwen w pap konn sa ou ye
E tèlman sa fè mwen mal
Sou yon gita dezakòde
M'pral montre-w kijan mwen tonbe
Mwen pè, e m'pa vle di ou
Lanmou mwen gen nan kè mwen
K'ap blese mwen pifò de jou an jou
Mwen pa vle ofanse ou
Bèl ti pawòl, e poèm, ni dezi
Mwen genyen andedan mwen
Pou mwen ou pap konn sa ou ye
E tèlman sa fè mwen mal
M'pwal apòte tout rivyè, ni lanmè
Pou-w wè jan m'obsede
Pou mwen w pap konn sa ou ye
E tèlman sa fè mwen mal
Sou yon gita dezakòde
M'pral montre-w oh, oh...
Kè
This obsession is my confession
I found love through your eyes
Pou mwen ou pa janm konn sa ou ye
Ni ou pa janm konnen m'obsede
Kè
This obsession is my confession
I found love through your eyes
Mwen ekri-w poèm ki a lanvè
Inventer des mots ki devan dèyè
Kè
This obsession is my confession
I found love through your eyes
Pou mwen ou pa janm konn sa ou ye
Ni ou pa janm konnen m'obsede
Mwen ekri-w poèm ki a lanvè
Inventer des mots ki devan dèyè
M'a ka di-w lanmou nan yon lòt verite
Tèlman m'obsede
Dlo nan je-m ap fè rigòl sou manton-m
Men lè m'ap febli ak tout derezon
Nan zye-w genyen yon labirent
Lè mwen antre mwen pa janm ka soti